top of page
Search

Kominike Pou Laprès


Pou lapè ak inite nasyonal

 Kontribisyon pou yon solisyon durab nan kriz peyi a 


@@@@@@@

 


Apèl pou rekonèt yon egzekitif ki gen de (2) tèt an Ayiti : “Yon Prezidan ak yon Premye Minis” selon Konstitisyon peyi a.

 

Pèp Ayisyen :

 

Plizyè dizèn pati politik ak plis pase 200 òganizasyon sosyal : legliz, peyizan, fanm, jèn, ansanm ak plizyè aktè nan dyaspora a, mete tèt ansanm pou lanse yon apèl solanèl pou nou di moun yo ki kenbe peyi a, ase! Lè a rive pou nou pran yon reyèl desizyon ak sa nou vle fè ak Peyi Dayiti.

 

Nou vle raple tout Ayisyen espesyalman ekip Premye Minis, Alix Didier Fils-Aimé ke Konstitisyon peyi a, egzije separasyon pouvwa, e li bay Prezidan Peyi a chaj pou garanti bon mach tout enstititisyon peyi a. Pami yo, Konsèy Elektoral la ki gen responsabilite oganize eleksyon; yon evènman ki gen anpil konsekans nan la vi tout Ayisyen.

 

Nan sans sa a, tout pati politik ak oganizasyon ki patisipe nan mouvman sa reklame prezans yon prezidan nan tèt peyi a, pou evite tout konsantrasyon pouvwa nan men yon sèl moun, epi pou mete sekirite ak konfyans nan mitan pèp la ki pral vote nan eleksyon yo.

 

Nou pwofite enfome tout moun, ke apre plizyè rankont ak konsiltasyon ant fòs politik yo ak dyaspora òganize a, ke nou jwenn yon bon jan konsansis pou chwazi

 

Majistra Lesly Jules ki soti nan Kou Kasasyon. Yon sitwayen ayisyen onèt, serye, kòm Prezidan tranzisyon an nan kad egzekitif a de (2) tèt sa a.

 

Chwa Majistra Lesly Jules la se volonte pou nou kase ak kriz kap repete depi 2021. Nou prezante chwa sa a kòm yon desizyon ki pa patizan, men kòm yon nesesite pou oganize eleksyon ak yon lidèchip ki ekilibre nan respè pou tout moun, pou nou rekonstwi Leta a sou bon jan baz konstitisyonèl.

 

Apèl sa vize an patikilye :

 

·        Depatman Deta ameriken ak enstans Kongrè yo,

·        Sekretarya Jeneral OEA,

·        Sekretarya KARICOM,

·        Anbasad peyi zanmi yo nan Pòtoprens,

·        Biwo BINUH.

 

Nou mande kominote entènasyonal la pou yo rekonèt ofisyèlman konsansis nasyonal ki fèt la sou egzekitif a de tèt la, ansanm ak chwa Majistra Lesly Jules kòm Prezidan tranzisyon an.

 

Tout Pati politik ak òganizasyon siyatè yo ensiste : tranzisyon sa a dwe kout, epil dwe travay sèlman pou :

 

1.     Retabli kredibilite enstitisyon yo,

2.     Mete lòd ak sekirite sou tout teritwa a,

3.    Prepare eleksyon jeneral kote pèp la ka chwazi lidè li yo san laperèz, ni presyon bal ak kidnaping.

 

Nou mande tout enstitisyon kap fonksyone nan la vi nasyon an :

 

·        Lapolis Nasyonal ak Lame Dayiti,

·        Ofisye ministeryel ak anplwaye yo,

·        Oganizasyon ki nan sosyete sivil la ak sektè dèzafè,

·        Oganizasyon ki nan dyaspora Ayisyen an,

 

pou yo pote kole ak Konsansis pati politik ak oganizasyon sa yo, pou nou retire peyi a nan trou kotel ye a.

 

Si gen rezistans pou respekte rekomandasyon Konstitisyon an, se pa eleksyon yo pral respekte.

 

Kominike sa pote siyati 53 pati politik ak plis pase 200 oganizasyon kap milite nan tout dis depatman peyi a ak nan dyaspora a.

 

Petyon-vil Ayiti, 27 mas 2026

 

 
 
 

Comments


bottom of page